Byenveni nan pòtay anrejistreman paran yo ki pou Wakulla County Schools.
Pòtay Focus pou Parent Portal se yon zouti yo te devlope pou amelyore kominikasyon an ak angajman w nan edikasyon pitit ou.

Pòtay sa a pral pèmèt ou suiv pwogrè pitit ou ap fè yo nan lekòl la. W ap kapab tcheke regilyèman ni devwa ni nòt pwofesè a pral kite yo pandan peryòd evalyasyon an. Zouti kominikasyon sa a pral amelyore kapasite w genyen pou w ede pitit ou epi pou w kominike ak pwofesè a lè sa nesesè.

Pou w ka kreye yon kont Parent Portal sou Entènèt, ou dwe genyen yon adrès imel ki valab. Si w pa rive kreye yon kont, rele lekòl pitit ou a pou jwenn èd.